TOUS NOS MAUX ap envite ou pran tan li tèks sa a. Lè ou fini, sonje mande tèt ou ki sa ou vle fè ak ti tan ki pou ou a... 

 

Eske sa pa etranj?

W al nan kabann ou san w pa gen asirans w ap reveye jou kap vini an.

Li etranj jan lide nou chanje sou yon bagay nou konnen nou pa gen pouvwa modifye.

 

Lanmò p ap janm yon bèl esperyans, men lè l ap frape pòt ou, e ou paka pa ouvri,

fè fas a li tou senpleman chak jou, chak minit. Fè li tounen yon bèl bagay; iwonikman bèl…

 

Sak ta di sa? Jiska yè lanmò pa te yon tèm mwen konn touche fasil,

poutan jodia li fè pati de tout sa mwen ye.

Yè mwen pa te bay souf mwen enpòtans, men konnya mwen konnen li pa lwen kanpe, fè m santi valè benediksyon mwen te genyen…

Sa m ap di la? Benediksyon mwen genyen toujou...

 

28 lane, mwen pa wè sa ki enpòtan mwen reyalize.

Mwen te panse m te fè yon bagay serye ak tan mwen, ak lavi mwen, men konnya mwen rann mwen kont kijan mwen pako fè anyen ki ta dwe pran merit.

Li etonan kòman ou wè lavi ak yon lòt je lè ou konnen ou nan fen wout la.

Ou vire ou tounen pou w wè si w ta jwenn yon bagay enteresan ou te fè,

men ou reyalize ou te plede gaspiye tan ou…

 

Konbyen rèv, konbyen dezi?

Kantite bagay nou kite pou fè demen efreyan.

Demen m ap gen tan, kòmsi demen se pou nou.

Men demen an tèlman gen dout sou li!

Petèt yon jou m a di li sa mwen santi?

Petèt lè m gen tan m a pase yon moman ak yo?

Petèt, petèt, petèt… E si tan nou nan wout pou li bout?

E si konnya la menm tan nou ta fini,

konbyen petèt k ap rete nan lis?

 

Avanyè m ap reve pou mwen genyen yon fanmi, pou mwen vizite 7 mèvèy monn nan.

Avanyè mwen ak fanmi mwen yo, mwen pa te menm sonje di yo kijan yo konte pou mwen.

Avanyè mwen pale ak yon zanmi, mwen repwoche li menm fason li respire, poutan mwen pa sonje di li mwen renmen li nan vi mwen.

Mwen te panse mwen t ap gen tan, mwen kite tout bagay pou demen; sa tèlman fasil...

 

Mwen tèlman genyen bagay pou mwen ta fè! Mwen krent kòmanse pou mwen pa ta gentan fini, paske mwen pa konnen konbyen tan m ka bezwen.

 

Yon lòt fwa anko, TAN!

Mwen pèdi plis tan ap planifye ke mwen aji

Plis tan ap panse ke reyaji

Plis tan ap jije ke renmen

Konnya mwen ta vle kòmanse, men pa genyen tan…

 

“Mwen regrèt anonse ou sa, men ou soufri yon kansè ki nan dènye faz.”

Mwen chwazi panse se pi bon fason li  wè li te ka di mwen sa.

Mwen paka jije li, mwen pa kwè genyen yon fason espesyal pou di yon moun ke tan li preske bout.

“Konbyen tan konsa mwen rete?”

Poukisa kesyon sa toujou prezan nan sitiyasyon sa yo?

Li dwòl pou ou mande yon moun ki pa gen kontwòl ni sou lavi ou, ni sou lavi pa li, konbyen tan li panse ou rete.

Men lè ou aprann w ap kouri dènyè kilomèt nan lavi ou, ou ta vle konnen konbyen bagay ou ka fè nan ti rès tan an…

 

Poukisa bèlte lavi reflete jis lè li pral fini?

Poukisa se lè nou pa gen tan ankò nou anvi kòmanse viv?

Poukisa tout bèl bagay yo rive nan fen wout la? Antouka se sa nou panse.

Konnya mwen pa gen tan ankò, mwen rann mwen kont kòman lavi m t ap bèl si mwen pa te kite tout bagay sou petèt…

 

Mwen te bliye si pa gen demen, mwen sèlman genyen jodia.

Men konbyen “jodia” mwen dwe rete ankò? Yonn? Kat? Dènye?

Dènye… Konbyen fwa mwen itilize mo sa men jamè nan sans sa?

Jodia li nan tout sa m ap fè.

Ou kwè se ta DÈNYE jou m ap souri?

DÈNYE fwa m ap renmen?

DÈNYE fwa m ap manje?

 

Mwen ta tèlman renmen genyen ti tan pou mwen fè tout bagay yon lòt jan!

Yon ti tan jis pou mwen ta reyalize san mwen pa plede planifye.

Pou mwen ta renmen san mwen pa jije.

Kòman mwen ka jwenn yon ti tan pou mwen aranje tout sa mwen te gate pou granmesi?

 

TAN….Se sèl bagay mwen te toujou genyen twòp, men ki manke mwen konnya.

Retour à l'accueil